Messiah
Eske Jezi se Mesi a?
Sila nou t ap tann nan
Souvan nou tande Jezi te sove nou lè l te mouri sou kwa a pou nou, e se moun ki kwè nan li ki gen lavi etènèl.
Sove lavi se egzakteman wòl Mesi a, sila Izrayèl te tann depi lontan an.
Men, eske Jezi se vrèman Mesi sa a? Oubyen nou dwe kontinye tann yon lòt moun?
Pifò nan sa nou konnen sou sila Bondye te chwazi a soti nan yon sèl pwofèt, Ezayi, ki te viv apeprè 700 an anvan Jezi te fèt. Ann louvri liv li a ansanm pou n wè sa l t ap tann, epi apre sa ann kite temwen Jezi yo pale pou kont yo.