jesus
Eske Jezi se Mesi a?
Sila nou t ap tann nan
Souvan nou tande Jezi te sove nou lè l te mouri sou kwa a pou nou, e se moun ki kwè nan li ki gen lavi etènèl.
Sove lavi se egzakteman wòl Mesi a, sila Izrayèl te tann depi lontan an.
Men, eske Jezi se vrèman Mesi sa a? Oubyen nou dwe kontinye tann yon lòt moun?
Pifò nan sa nou konnen sou sila Bondye te chwazi a soti nan yon sèl pwofèt, Ezayi, ki te viv apeprè 700 an anvan Jezi te fèt. Ann louvri liv li a ansanm pou n wè sa l t ap tann, epi apre sa ann kite temwen Jezi yo pale pou kont yo.
Ki moun Jezi ye, e poukisa li enpòtan konsa?
Ki moun Jezi ye?
Yon moun? Yon pwofèt? Yon Pitit Bondye, oswa Bondye li menm? Èske gen yon bagay vrèman espesyal nan li?
Li te wòch ang lan bòs yo te rate, ekspè Tora yo te rejte l, yon wòch ki te fè limanite bite. Men malgre sa, li vin tounen moun ki pi popilè ki janm viv sou Latè. Lavi l ak ansèyman l yo te divize limanite an twa gwo relijyon Abraram yo.
Ki sa ki tèlman espesyal nan sa li te fè pou limanite? Ki jan sa te rive, e poukisa? Ann chèche konnen.
Kisa sa vle di pou nou rele non Seyè a?
Yon kesyon anpil nan nou poze tèt nou
Èske se ase pou mande Jezi èd epi di mwen fè l konfyans? Èske se ase pou n rele non li? Èske m ap sove, e èske se vrèman senp konsa?
Kesyon sa yo souvan vini lè nou li yon vèsè tankou sa a:
Èske mwen sove?
Moun souvan konn tande yo mande yo si yo sove, oswa yo enkyete pou delivrans yo oswa yo pè lanmò.
Okòmansman, Bondye te kreye nou pou n te avè l nan jaden Edenn nan. Men, Ev ak Adan te manje fwi yo te defann yo a, e yo te fè peche antre nan lavi nou. Epi peche separe nou ak Bondye. Pa gen lavi san Bondye. Peche pote lanmò...