Èske mwen sove?
Moun souvan konn tande yo mande yo si yo sove, oswa yo enkyete pou delivrans yo oswa yo pè lanmò.
Okòmansman, Bondye te kreye nou pou n te avè l nan jaden Edenn nan. Men, Ev ak Adan te manje fwi yo te defann yo a, e yo te fè peche antre nan lavi nou. Epi peche separe nou ak Bondye. Pa gen lavi san Bondye. Peche pote lanmò...
2Men se És 1:15inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an,e se peche nou yoki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.( Ésaïe 59:2 )
56Doulè pikan lanmò a se peche, e Wo 3:20pouvwa a peche a se Lalwa a.( I Korentyen Yo 15:56 )
E moun ki pa fè peche yo menm?
8 Job 15:14Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi Jn 8:44laverite a pa nan nou.( I Jean 1:8 )
20Anverite, I Wa 8:46nanpwen yon moun dwat sou latè ki fè sa ki bon tout tan, e ki pa janm peche.( Eklezyas 7:20 )
Kisa sa vle di pou n separe ak Bondye?
20Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. I Wa 8:32Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.( Ézéchiel 18:20 )
Bondye se limyè, Bondye se lanmou, Bondye se lavi. Lè w separe ak Bondye, se separe w separe ak lavi. Se sa nou ka wè nan vèsè ki vin apre yo.
4Jn 5:26Nan Li se te lavi, epi lavi se te Jn 8:12limyè a lòm. 5Jn 3:19Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.( Jean 1:4-5 )
5Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke I Tim 6:16Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.( I Jean 1:5 )
4Se Jen 2:7Lespri Bondye ki te fè m,e souf Toupwisan an ki ban m lavi.( Job 33:4 )
16Epi Jn 6:69nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou.I Jn 4:7,8Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li.( I Jean 4:16 )
Ki jan nou ka rejwenn Bondye ankò e resevwa lavi etènèl?
Si Bondye nan syèl la e nou menm nou sou tè a, kisa nou ka fè pou n rive jwenn Bondye e pou n rejwenn li ankò?
13 Pwov 30:4“Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.( Jean 3:13 )
31 Mat 28:18Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.32Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li Jn 3:11bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li.34Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Mat 12:18Paske Li bay Lespri a san mezi.( Jean 3:31-32,34 )
Jezi Kris te desann soti nan syèl la; kisa li di sou delivrans?
16 “Paske Bondye te Wo 5:8tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou Luc 19:10jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.( Jean 3:16-17 )
Kidonk, nou annik bezwen kwè nan Pitit Bondye a pou n gen lavi etènèl? Menm si nou te fè peche? Ki jan y ap jije nou?
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a Jn 1:18sèl Fis inik a Bondye a.( Jean 3:18 )
24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi Jn 12:44kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi Jn 3:18pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.( Jean 5:24 )
E lòt fason pou n rejwenn Bondye, Papa nou an?
6 Jésus te di li: “Mwen se Jn 10:9chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.( Jean 14:6 )
Kisa sa vle di pou n kwè nan Bondye ak nan Jezi Kris?
Pou w kwè nan Jezi Kris, ou bezwen konnen plis bagay sou li pase non l sèlman. Li pi bon pou w li tout Bib la, paske li enposib pou w gen yon imaj klè si w pa konnen tout istwa a. Ou bezwen li sou Mesi a ak wòl li nan Izrayèl, nan Jide ak nan rès mond lan nan Ansyen Testaman an. Apre sa, li istwa Jezi nan Nouvo Testaman an epi deside pou kont ou si w kwè se li ki Mesi a, sila Bondye te mete apa a. Pou ede w kòmanse, men kèk vèsè.
Ki relasyon ki genyen ant Jezi Kris ak Bondye?
15Li se imaj a Bondye envizib la Wo 8:29premye ne a tout kreyasyon an.19Paske se te bon plezi Ef 1:5Papa a pou tout plenitud Bondye a ta vin rete nan Li,( Kolosyen Yo 1:15,19 )
4Nan ka sila a, Jn 12:31dye a mond sa a II Kor 3:14vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.( II Korentyen Yo 4:4 )
Kisa Jezi Kris limenm di sou sa?
9Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Jn 1:14Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’( Jean 14:9 )
45Jn 14:9Sila a ki wè M, wè Li menm ki te voye Mwen an.( Jean 12:45 )
Epi kèk lòt vèsè ankò sou Jezi...
3Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak II Kor 4:4reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki Kol 1:17bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.( Ebre Yo 1:3 )
14E pawòl la te Fil 2:7vin lachè, e te viv pami nou. Luc 9:32Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.( Jean 1:14 )
Konklizyon
Kounye a ou konnen plis bagay sou delivrans. Men, si w toujou enkyete pou konnen si w sove, ou bezwen konnen sa ki vin apre a.
25Paske Mat 10:39nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li.( Matthïeu 16:25 )
Kounye a, olye w enkyete pou konnen si w sove, konsantre w sou konprann Levanjil la, vrè imaj Bondye a atravè Pitit la, Jezi Kris. Epi swiv li. Jezi ap okipe rès la.
33Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi Mat 19:28tout bagay sa yo ap vini anplis.( Matthïeu 6:33 )