christianity
Ki moun Jezi ye, e poukisa li enpòtan konsa?
Ki moun Jezi ye?
Yon moun? Yon pwofèt? Yon Pitit Bondye, oswa Bondye li menm? Èske gen yon bagay vrèman espesyal nan li?
Li te wòch ang lan bòs yo te rate, ekspè Tora yo te rejte l, yon wòch ki te fè limanite bite. Men malgre sa, li vin tounen moun ki pi popilè ki janm viv sou Latè. Lavi l ak ansèyman l yo te divize limanite an twa gwo relijyon Abraram yo.
Ki sa ki tèlman espesyal nan sa li te fè pou limanite? Ki jan sa te rive, e poukisa? Ann chèche konnen.
Kisa sa vle di: "Renmen lènmi nou"?
Yon kòmandman ki sanble enposib
Nou ka renmen vwazen nou, fanmi nou ak zanmi nou. Men kisa sa vle di pou nou renmen yon lènmi? Èske nou vrèman bezwen fè sa?
Jakòb te lite ak Bondye e li te genyen. Kisa sa vle di?
Lè Jakòb t ap retounen lakay li pou l rankontre frè l Ezaw, li te lite ak Bondye tout nwit lan, e nan granmaten yo te di l li te genyen. Kisa sa vle di? Kijan yon senp moun ka genyen sou Bondye?
Nwit bò rivyè a
Jakòb t ap tounen apre ven ane li te pase lwen. Li te kite kay li yon lè paske Ezaw te vle touye l. Kounye a li te tande Ezaw t ap vin rankontre l ak yon lame:
Ki jan pou nou swiv Bondye? Ki jan Bondye vle nou viv?
Pandan lavi nou, ak laj, nou souvan kòmanse reflechi sou ki jan pou n viv byen, pou n aji kòrèkteman, ki kote pou n chèche kè kontan ak vrè sans lavi a. Nou pa jwenn satisfaksyon ni nan bagay chè nou achte, ni nan sa nou reyisi fè...
Nou tande pale de Jezi ki sove lavi nou. Èske sa sifi, oswa nou menm tou nou vrèman bezwen fè kichòy?
Bib la rakonte vwayaj moun ak nasyon depi nan konmansman tan yo, e li ede nou fè yon bon ide sou ki moun Bondye ye, poukisa li kreye nou ak sa li tann de nou. Men, ann kòmanse nan kòmansman.
Poukisa gen tèlman legliz kretyen?
Gen tèlman legliz sou latè, chak ak pwòp tradisyon l, rit li ak kwayans li. Nan kiyès nou ta dwe antre?
Katolik, Òtodòks, Batis, Literyen, Metodis, Presbiteryen… Gen plizyè douzèn gwo denominasyon kretyen, e anpil legliz souvan pran distans ak lòt legliz, pandan y ap mete aksan sou diferans nan rit ak kwayans yo.
Èske se yon bon bagay pou krisyanis la gen diferan legliz, pou chak moun ka antre nan legliz ki pi bon pou li a?
Divizyon pami kretyen yo te kòmanse byen bonè, depi nan tan apot Pòl. Men sa li te ekri legliz ki te Korent lan.
Ki jan yon kretyen dwe reyaji devan yon pandemi?
Yon viris nou pa ka kontwole, tankou yon gwo tanpèt, ap travèse kontinan yo e l ap enfekte moun ki bò kote nou. Pou kèk nan nou, li pran travay nou ak lavi moun nou te renmen. Nou santi nou san espwa devan yon viris nou pa gen tretman pou li. Nou santi nou tankou n ap flote nan yon ti kannòt pandan yon gwo van.