Ale nan kontni prensipal la

Èske Jezi se Mesi a?

Jesus sculpture

Nou souvan tande pale de Jezi ak jan li te sove nou lè l te mouri sou kwa a pou nou. Epi nenpòt moun ki kwè nan li gen lavi etènèl.

Sove lavi nou – se sa ki wòl Mesi nou t ap tann nan… Men èske Jezi se vrè Mesi a, oswa nou dwe tann yon lòt moun?

Pifò enfòmasyon sou moun Bondye chwazi a, moun ki pral sove nou tout la, nou jwenn yo nan liv pwofèt Ezayi, ki te viv e ki te pwofetize anviwon 8yèm syèk anvan Jezikri. Apeprè, se te 700 ane anvan Jezi te fèt.

1Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a
e yon Rev 5:5branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
2 És 42:1Lespri SENYÈ a va poze sou Li,
lespri a sajès ak bon konprann,
lespri a konsèy ak pwisans lan,
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
3Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.
Li p ap jije selon sa ke zye l Jn 2:25wè,
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
4men ak És 9:7ladwati, Li va jije malere yo,
e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.
Li va frape tè a ak baton bouch Li,
e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
5Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
( Ésaïe 11:1-5 )

Nou tann pou Mesi a se yon desandan wa David…

1“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an;
Luc 9:35sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a.
Mwen te mete Lespri M sou Li.
Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.
2Li p ap kriye menm,
ni leve vwa l,
ni fè vwa l tande nan lari.
3Yon wozo ki brize, Li p ap kase,
e yon fisèl bouji ki brile fèb,
Li p ap etenn.
Ak fidelite, Li va mennen Sòm 72:2-4lajistis
e fè l vin parèt.
4Li p ap És 40:28dekouraje oswa vin kraze
jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè,
epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
5Konsa pale Bondye SENYÈ a
ki te Sòm 102:25-26kreye syèl yo e ki tann yo,
ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann,
ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li,
e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,
6Mwen menm se SENYÈ a.
Mwen te És 41:2rele Ou nan ladwati.
Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men.
Mwen va pran swen Ou.
Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la,
kon yon limyè pou nasyon yo,
7pou És 29:18ouvri zye avèg yo,
pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a,
e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an.
( Ésaïe 42:1-7 )

Isit la nou wè “sèvitè” a pral enb, li p ap leve vwa l an piblik, li pral louvri je moun ki avèg yo…

Ki lòt bagay Ezayi di sou li nan liv li a? Ki jan lòt moun pral trete Mesi a? Kisa k te rive l e kisa sa vle di pou nou? Pou reponn kesyon sa yo, Ezayi vole nan lavni e li pale dirèkteman avè nou, sou Mesi nou te deja rejte a.

1 Jn 12:38Se kilès ki te kwè mesaj nou yo?
Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?
2Paske Li te grandi devan nou kon yon És 11:1boujon vèt,
e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk.
Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li,
ni majeste pou nou ta gade sou Li,
ni aparans pou nou ta atire a Li.
3Li te meprize e abandone pa lòm;
yon nonm ak gwo tristès
ki te konnen gwo soufrans,
ak tout maladi.
Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,
Li te vin Mc 10:33meprize,
e nou pa t bay Li okenn valè.
4Anverite, se doulè nou yo Li te Mat 8:17pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
frape pa Bondye e aflije.
5Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.
Li te kraze pou I Pi 2:24-25inikite nou yo.
Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,
e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
6Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.
Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,
men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
7Li te vin oprime e aflije;
malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li.
Trav 8:32-33Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa,
e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila
k ap taye lenn li yo,
konsa Li pa t ouvri bouch Li.
8Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt.
Selon jenerasyon Li,
yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo,
ke Li te kraze És 55:5-12akoz peche a pèp Mwen yo.
9Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo,
men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li,
malgre Li pa t fè okenn vyolans,
ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.
10Men SENYÈ a te kontan És 53:5brize Li;
pou mete Li nan gwo soufrans,
pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite,
pou L ta wè desandan Li yo.
Li va pwolonje jou Li yo,
e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.
11Apre gwo doulè nanm Li an,
Li va Jn 10:14-18wè limyè a,
e Li va satisfè.
Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun
akoz konnesans Li anvè Li menm;
e Li va pote inikite yo.
12Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo.
Li va divize piyaj ak moun pwisan yo,
akoz Li te livre Mat 26:38-42nanm Li menm a lanmò,
e Li te konte avèk malfektè yo;
malgre Li te pote peche a anpil moun,
e te entèsede pou koupab yo.
( Ésaïe 53:1-12 )

Nou wè Mesi yo te rejte e meprize a te mouri pou peche nou yo, tankou yon ti mouton yo touye. Li te mouri san desandan, men kanmenm li “pral viv lontan” e li “pral gen anpil desandan”. Sa vle di petèt Mesi a pral resisite apre lanmò l, sou tè a oswa nan Syèl la, e l ap gen pitit, swa natirèl swa espirityèl.

Kounye a, kòm yon egzèsis pou tèt ou, e pou w deside si Jezi se Mesi nou t ap tann nan, li temwayaj sou Jezikri Matye, Mak ak Jan bay, yo menm ki te pase yon bon pati nan lavi yo ansanm ak Jezi, ak doktè Lik, ki te rasanble avèk anpil swen tout fè sou lavi Jezikri, moun Nazarèt la…

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen (BSA)